Akèy

Blog sila se yon pwojè ke mwen koumanse nan mwa Janvye 2019. Sa ki enterese mwen se antame de konvèsasyon syantifik an kreyòl, ak tout moun ki enterese, men sitou ak moun ki pat etidye syans. Si nou vle konpran plis sou pwojè a mwen envite nou li tèks Entrodiksyon ke mwen te pibliye mwa pase. Mwen envite nou tou, pou nou li premye tèks syantifik ke mwen te ekri sou la matyè. Mwen ap kite nou ak yon pawòl on syantifik Britanik te di ki vreman make m e ki mache nan lide fè blog sila. Mwen ap mete ni vèsyon orijinal la, ni tradiksyon pa mwen de pawòl li a.

“Fortunately science, like that nature to which it belongs, is neither limited by time nor by space. It belongs to the world, and is of no country and of no age. The more we know, the more we feel our ignorance; the more we feel how much remains unknown; and in philosophy, the sentiment of the Macedonian hero can never apply,- there are always new worlds to conquer” (Sir Humphry Davy, 30th November, 1825.)

“Erezman, syans, tankou la nati, pa limite ni nan espas ni nan tan. Li se pou mond la, li pa pou oken peyi an patikilye, ni li pa limite nan oken epòk. Plis nou aprann, plis nou mezire degre inyorans nou; Plis nou reyalize ki kantite bagay nou pa konen; Prensip ero Macedonie a pa ka aplike nan ka sa, ap toujou gen nouvo mond pou nou konkeri” (Sir Humphry Davy, 30 Novanm, 1825)