Kowonaviris-Pou kisa pou nou pa pale fas ak fas

Nan atik sila, mwen te vle montre nou yon ti videyo ki bien eksplike pou kisa nan moman difisil planèt la ap pase la yo di li enpòtan pou nou pa pale ak moun fas a fas oswa pou nou bay moun distans yon mèt sinkant. Premye bagay mwen ta renmen di se ke mwen PA patisipe nan fè videyo a, se de lòt syantifik ki fè li. Mwen gen yon syantifik ki fè mwen wè li, e mwen te vle pataje li ak nou. Videyo a nan lang angle. Moun ki pale angle ka al gade li koulyea, men si ou pa pale angle, mwen ap esplike prensip yo la, apre sa ou kapab al gade videoyo a.

Nan atik sou kowonaviris mwen te fè semèn pase a (klike pou jwen li), mwen te pale ke gen plizyè kalite viris ki kapab fè moun malad. Men tout viris pa transmèt menm jan. Met sou pwoblèm ke viris tankou kowonaviris la kapab transmèt nan manyen sifas tankou manch pòt, tab, elatriye, ke yon lòt moun ki te gen viris la manyen, li kapab tou transmèt lè yon moun touse, estènye oswa menm pale.

Pou pi plis presizyon: An nou di ke gen yon moun, n ap rele li mesye A, ki gen kowonaviris la. Si mesye A estènye, li kapab tanmen anpil ti gout krache nan lè a. Ti gout sa yo ap gen kek ti patikil viris andedan yo. Koulea, lè gout sa yo tombe sou tab, manch pòt, elatriye, se depoze li depoze patikil viris sou sifas sa yo. Kounyea a madan B parèt, san li pa konen, li al manyen manch pòt la pa egzanp, epi san li pa lave men li, nan pita li frote zye l oswa nen l, oswa li met men nan bouch li. Epi sa w tande a, madan B tou fè viris la rantre andedan li tou. Fò k nou konprann ke menm si ti gout yo te gentan sèch sou manch pòt la, patikil viris la la deja, se pou sa yo konn di nou tou pou nou netwaye sifas ak dlo savon oswa alkol (ki o mwens gen konsantrasyon 60%). Men fason sa pou transmèt yon viris, se yon bagay ke nou gen eksperyans ak li deja. Se youn nan jan ke viris ki bay grip yo transmèt fasil tou. Men, si se konsa senpman ke viris sa yo te transmèt, li ta p on ti kras pi fasil pou ou diminye transmisyon viris la. Nou t ap annik netwaye tout sifas, anpeche moun malad estènye oswa touse nan zòn nou, epi fini. Malerezman, li pa senp konsa.

An nou retounen nan lide mesye A ki malad la; li estènye, on pil ti gout krache deplwaye. Sa ki pi gwo e ki pi lou yo, yo tombe atè. Premye bagay la se ke depandan de gwosè gout la li ka pran tan pou li rive atè a, menm si pa gen oken van ki ap vante. Gen syantifik ki esplike ke gen gout, pa egzanp ki mezire 5 micromèt (se 5 mèt divise pa yon milyon) e ki soti nan yon wotè 183 santimèt (6 pye) ki ka pran menm 30 minit pou yo rive atè. Ti gout sa yo soti lè yon moun touse tou. Rezon ki fè yo di moun bay distans yon mèt sinkant la, se paske syantifik yo panse ke gout yo pa p vwayaje nan direksyon ou sou distans sa, tankou y ap gentan tombe atè, oswa ap twò ba pou yo koze ou oken danje. Pa kont, li trè enpòtan pou nou konen ke se pa sèlman lè yon moun touse, oswa estènye ke ti gout yo jayi, men lè yo pale tou. Ti gout sa yo si tèlman piti, ke ou pa kapab wè yo ak zye ou. Men se pou sa yo fè videyo mwen ap pataje ak nou a. Yo itilize teknoloji lazè (LASER) pou yo montre ki jan gout sa yo la menm lè ou pale ak moun tou. Mwen ap ilistre eksperyans yo a ak ti desen sa yo:

Nan premye desen a, nou gen yon bwat tou nwa, nou pase yon limyè vèt espesyal ladan ki sote nan yon aparèy yo rele lazè. Limyè sa espesyal paske li pa soti tankou nan yon flash pou li al nan tout direksyon, men li vwayaje dwat de yon kote a yon lòt, kidonk si pa gen anyen otou limyè a ou pa p ka wè li, W ap selman wè li fè yon pwen kote li rive a.

Men si ou gen patikil ki sou wout limiyè a (sou trajektwa limyè a) patikil sa yo ase gwo, pou lè limyè a frape sou yo, yo revoye limyè nan zye w, e se sa ki fè ou ka wè yo parèt tankou de ti pwen ki ap briye. Se sa ke yo montre nan videyo a, e ke mwen ap montre nan dezyèm imaj la.

Lè ou gen lazè a ou pa vreman ka wè limyè a byen andedan bwat nwa a, men, kou yon moun pale, ou ka wè ti gout yo ki ap briye, sa montre ou klè ke ti gout soti nan bouch menm lè ou pale, ou pa bezwen ap ni touse ni estènye. Se rezon prensipal ki fè yo di w “Rete lakay nou”.

Se kòz sila yo tou ki fè gen moun ki mete mas nan figi yo, pou ti gout ki sot nan bouch yo rete andedan mas la, oswa pou gout ki soti andedan bouch lòt moun pa rive nan figi pa yo. Mwen espere nou konpran konsèp la e ke nou ka pi bien pwofite de videyo a. Pa ezite poze kestyon si nou genyen.

Klike la pou videyo a

2 thoughts on “Kowonaviris-Pou kisa pou nou pa pale fas ak fas”

Comments are closed.