Vaksen Kowonaviris la

Nan atik sa nou pral fè ti pale sou vaksen konpayi ki rele Pfizer ak Moderna devlope a pou ede planèt la nan pwoblèm kowonaviris ke nou ap travèse a. Men avan sa, fò k mwen fè yon ti rale sou selil, ADN ak ARN, epi m ap tou esplike apre sa ki jan nouvo vaksen a mache. Youn nan bagay mwen ta renmen souliye tou se ke, jan vaksen sa travay baze sou de metòd byoloji diferan de vaksen ki egziste deja. O mwen nan yon pèskpetiv syantifik li entersan pou nou konprann li. Epi tou, si yon jou ou ta deside pran vaksen sa, o mwen w ap ka gen yon ti konpreyansyon sou ki sa li ap fè andedan kò w.

SELIL MOUN

Kò imen an konpoze de yon ansanm de strikti byolojik ko ye rele ògan. Pa egzanp, ògan prensipal ki responsab pou san travèse nan tout kò w se kè w. Menm jan, ògan prensipal ki responsab ede w respire se poumon w, sa ki pèmèt ou reflechi e ki kontwole lòt ògan ou yo se sèvo w. Sa se kèk egzanp, men kò w chaje ak ògan. Ògan sa yo konpoze de strikti ke yo rele tisi. Tisi sa yo menm konpoze de lòt strikti byolojik pi piti ke yo rele selil. Selil yo se pi piti strikti vivan ki genyen. Kidonk youn nan bagay pou ou konprann se ke tout sa ki vivan fèt ak selil, selil yo òganize yo yon jan pou yo bay de tisi, e tisi yo òganize yo pou yo bay ògan. Gade imaj 1 an pou nou byen konprann relasyon sa.

Imaj 1: A gòch nèt n ap wè yon sèl selil kadyak, nan mitan yon gwoup selil kadyak makònen ansanm pou bay yon tisi kadyak, epi a dwat nèt yon gwoup tisi makònen ansanm pou yo bay kè a, ki li menm se yon ògan. Imaj sila, mwen prete li de sous southscience.

FONKSYONMAN SELIL

Yon selil gen yon fonksyonman ki konplike anpil. Pa nesesèman konplike pou yon moun konprann li, men konplike nan sans ke gen anpil bagay ki ap pase an menm tan e detay yo anpil. Ou bezwen anpil tan (lane) pou ou ta bien aprann yo e konprann yo, kidonk atik sa pa p ka esplike tout bagay. Alòs, nou pral konsantre nou sou yon ti pati nan fonksyonman ki enpòtan pou konprann ki jan vaksen an mache.

Si mwen t ap fè yon dessen senp yon selil mwen t ap montre li tankou sa ki nan imaj 2 a.

Imaj 2. Dessen trè senp de yon selil. N ap montre twa pati prensipal nan selil la. 1) Manbrann selil la, 2) Sitoplasm la, 3) Nwayo selil la.

Nan imaj la n ap wè twa pati enpòtan: 1) Manbrann selil la. Li tankou yon baryè ki pwoteje sa ki andedan selil la, men tou li kontwole ki sa ki gen dwa ni rantre andedan ni soti de selil la tou. Malerezman, viris yo konn rive pase a travè manbrann sa. Si ou vle sonje ki jan sa fèt, voye yon kout je sou premye atik kowonaviris mwen an (Ansyen atik). 2) Nou jwen sa yo rele sitoplasm selil la. Sa se pati andedan selil la. Li chaje ak yon pakèt ti striki pi piti toujou yo rele òganit. 3) Andedan sitoplasm la gen yon lòt strikti ke yo rele nwayo selil la. TOUT strikti sa yo nèt fèt ak plizyè molekil. Andedan nwayo a gen yon molekil enpòtan anpil ke yo rele ADN.

ADN ak ARN

Molekil ADN la se yon molekil ki enpòtan anpil e ki egziste (sou fòm diferan) nan tout sa ki vivan (plant, bèt, moun, pye bwa, bakteri, elatriye…). Rezon ki fè li enpòtan se paske se yon molekil ki posede enfòmasyon nesesè pou ou fè yon èt vivan. Ban m esplike sa pi byen. Tout molekil ki nan kò ou: molekil ki responsab fè selil ou yo deplase de yon kote nan kò w a yon lòt, de bay selil yo fòm yo dwe genyen, de fè selil yo òganize yo kòm sa dwa an tisi e ki fè tisi yo òganize an ògan, koulè je’w, koulè cheve’w, koulè po’w, ki maladi ou plis siseptib genyen, si ou plis sanble ak manman w oswa papa w oswa grann ou, tout baz enfòmasyon sa yo sou ADN la. Si nou vle wè yon reprezantasyon ADN sou fòm molekil li klike sou ADN_animation.

Men ADN moun pa vreman janm soti nan nwayo a. Kidonk, ki jan eske enfòmasyon sa yo fè disponib pou selil la travay? Eh bien, a chak fwa ke selil la bezwen aksede a yon pati nan enfòmasyon a, gen de molekil (anzim) ki louvri ADN la epi gen de lòt molekil ki kopye yon ti pati spesifik de enfòmasyon yo bezwen a sou ADN la (pati mòv la nan dessen a), epi kopi sa ki fèt la se yon lòt molekil yo rele ARN (oranj nan dessen a).

Imaj 3. Nou komanse ak ADN la andedan nwayo a, gen yon anzim ki louvri li pou enfòmasyon ki enterese nou an (pati mòv la) kapab aksesib, lòt anzim vini kopye pati mòv la, e kopi sa se pati oranj la ki rele ARN, epi anzim tou refèmen ADN la.

Kounyea ke enfòmasyon selil la bezwen an, li genyen li sou fò m ARN la se ARN la ki soti nan nwayo a, li al nan sitoplasm la, epi gen de òganit (RIB nan imaj la) spesifik nan sitoplasm la ki pral li enfòmasyon sa epi ki pral fè molekil ke ARN la di l fè a, pa egzanp molekil sa yo ka de lòt pwoteyinn. E pou chak molekil diferan w ap bezwen de ARN diferan.

Imaj 4. Nou pran yon egzanp de pwosede biochimik ki rele “translation” an. ARN ki apèn finn fèt nan nwayo a, soti nan sitoplasm la kote li al nan yon òganit Ribozom (RIB nan imaj la), ki li menm kapab li enfòmasyon an sou ARN la pou li fè pwoteyinn selil la bezwen yo.

Kidonk nou kapab wè ki jan ARN yo enpòtan pou fè tout molekil ki andedan ou ke ou bezwen. Men ki rapò sa gen ak vaksen kowonaviris la? Ann al gade.

VAKSEN

Andedan kò nou gen de selil ki la pou defann kont lòt sibstans (mikwòb oswa viris) ki pa dwe andedan nou. Yo rele selil sa yo selil defans. Lè yon viris rantre nan kò nou l ap chache pou li miltipliye tèt li. Kòm li pa ka fè li poukont li, li antre nan sitoplasm selil ou, epi li itilze òganit selil la pou li miltipliye tèt li. Selil defans ou yo gen plizyè travay pou yo fè. Fò k yo konen ke viris la rantre, fò’k yo esaye konprann ki pati nan viris la ke yo kapab atake pou yo detwi li oswa “dezame” viris la. Tout sa pran tan, e malerezman nan tan sa viris la gentan telman ap miltipliye ke li gentan koze sentòm, maladi. Men imajine ke ou te gentan prezante selil yo yon pati nan viris la ki pa ka koze maladi paske se pa viris la li ye menm, se jis pa egzanp yon proteyinn viris la genyen (ki pa egziste andedan kò nou). Selil defans ou yo ap wè pwoteyinn sa kòm yon etranje, yo ap atake li, e nan tan sa pa gen okenn risk de malad paske se pa viris la ki rantre se jis yon pwoteyinn ke ou bay selil defans yo pou yo fè “pratik” sou li. Kounyea, lè vre viris la rantre andedan ou, selil defans ou yo bien rapid wè pwoteyinn la, yo konn ki jan pou yo atake li, kidonk yo gentan atake li bien vit menm anvan ke viris la gentan fè ou malad. Sa se paske selil defans yo “sonje” pwoteyinn viris la, nou di ke selil yo devlope yon “memwa iminitè”

Alòs, vaksen Pfizer ak Moderna a se yon vaksen ARN li ye. Sa vle di yo enjekte w ak ARN ki gen enfòmasyon sou ki jan pou ou fè pwoteyinn “spike” kowonaviris la. Selil ou yo tombe pwodwi spike, men spike la poukont li pa ka fè ou malad, pa bliye pa gen viris la. Kounyea, selil defans ou yo tombe atake spike ke pwòp selil ou yo ap fè a. Kounyea ou kapab di selil defans yo antrene e yo konn ki jan efikas pou yo detwi spike la. Kidonk si vre kowonaviris la rantre nan kò w, pa bliye viris sa chaje ak spike sou li, selil defans ou yo wè spike yo bien rapid epi yo atake li, menm avan ke viris la ka koze maladi. Epi ARN yo enjekte w la tou, selil ou yo ap fini pa detwi li tou. Kidonk ou pa p ap plede fè spike pou tout rès vi w.

An jeneral lè selil defans yo an aksyon yo ka koze ti sentòm tankou lafièv pou yon ti tan kout, epi tou sa ki konn fè bra kote yo ba w vaksen an fè mal se paske selil yo idantifye ke yon etranje rantre nan zòn sa de kò a e yo mete yo o travay.

An jeneral vaksen ke nou pi abitye ak yo, se de vaksen kote yo enjekte yon pwoteyinn viris ba w pou selil defans yo aprann goumen ak li, oswa yo enjekte w ak viris la menm, men yon fòm viris la ki pa ka koze enfeksyon. Sa ki nouvo nan vaksen sa se ke yo enjekte enstriktyon (ARN) pou selil ou yo aprann fè spike la, epi pou selil defans ou aprann atake spike la. Efikasite yon vaksen ak si li pa p koze ou pwoblèm depann de moun k ap recevwa li a. Byoloji moun pa egzakteman idantik.

Lexique: Gen de mo mwen pa konn egzistans yo nan lang kreyol nou an, kidonk mwen itilize mot franse yo ak yon òtograf kreyol. Mo sa yo se ‘membrane’–>’manbrann’, ‘cytoplasme’–>’sitoplasm’, ‘organite’–>’òganit’

Chita pale sou matematik ak Tipan Verella

Sa se premye video anps.space ap prezante nou, kote nou fè yon pale ak Tipan Verella sou matematik. Nan bat bouch ak Tipan Verella ki se yon engenyè sistèm, nou pale sou matematik ak sosyete. Nan video sila Tipan pale nou de ki sa matematik reprezante pou li. Ki sa ki te fè li etidye matematik, rapò ki genyen ant literati, jazz ak matematik pou li, ki jan li panse pou edikasyon matematik ta dwe fèt nan lekol klasik ak inivèsite. Tipan pale nou de ki jan li panse ke matematik kapab transfòme yon sosyete. Tipan esplike nou tou ki pati nan matematik ki itil nan konprann pwopagasyon maladi tankou viris Kowonaviris nan yon sosyete.

Klike sou mo “videyo” ki an ble a pou nou gade ti rankont sila. VIDEYO

Kowonaviris-Pou kisa pou nou pa pale fas ak fas

Nan atik sila, mwen te vle montre nou yon ti videyo ki bien eksplike pou kisa nan moman difisil planèt la ap pase la yo di li enpòtan pou nou pa pale ak moun fas a fas oswa pou nou bay moun distans yon mèt sinkant. Premye bagay mwen ta renmen di se ke mwen PA patisipe nan fè videyo a, se de lòt syantifik ki fè li. Mwen gen yon syantifik ki fè mwen wè li, e mwen te vle pataje li ak nou. Videyo a nan lang angle. Moun ki pale angle ka al gade li koulyea, men si ou pa pale angle, mwen ap esplike prensip yo la, apre sa ou kapab al gade videoyo a.

Nan atik sou kowonaviris mwen te fè semèn pase a (klike pou jwen li), mwen te pale ke gen plizyè kalite viris ki kapab fè moun malad. Men tout viris pa transmèt menm jan. Met sou pwoblèm ke viris tankou kowonaviris la kapab transmèt nan manyen sifas tankou manch pòt, tab, elatriye, ke yon lòt moun ki te gen viris la manyen, li kapab tou transmèt lè yon moun touse, estènye oswa menm pale.

Pou pi plis presizyon: An nou di ke gen yon moun, n ap rele li mesye A, ki gen kowonaviris la. Si mesye A estènye, li kapab tanmen anpil ti gout krache nan lè a. Ti gout sa yo ap gen kek ti patikil viris andedan yo. Koulea, lè gout sa yo tombe sou tab, manch pòt, elatriye, se depoze li depoze patikil viris sou sifas sa yo. Kounyea a madan B parèt, san li pa konen, li al manyen manch pòt la pa egzanp, epi san li pa lave men li, nan pita li frote zye l oswa nen l, oswa li met men nan bouch li. Epi sa w tande a, madan B tou fè viris la rantre andedan li tou. Fò k nou konprann ke menm si ti gout yo te gentan sèch sou manch pòt la, patikil viris la la deja, se pou sa yo konn di nou tou pou nou netwaye sifas ak dlo savon oswa alkol (ki o mwens gen konsantrasyon 60%). Men fason sa pou transmèt yon viris, se yon bagay ke nou gen eksperyans ak li deja. Se youn nan jan ke viris ki bay grip yo transmèt fasil tou. Men, si se konsa senpman ke viris sa yo te transmèt, li ta p on ti kras pi fasil pou ou diminye transmisyon viris la. Nou t ap annik netwaye tout sifas, anpeche moun malad estènye oswa touse nan zòn nou, epi fini. Malerezman, li pa senp konsa.

An nou retounen nan lide mesye A ki malad la; li estènye, on pil ti gout krache deplwaye. Sa ki pi gwo e ki pi lou yo, yo tombe atè. Premye bagay la se ke depandan de gwosè gout la li ka pran tan pou li rive atè a, menm si pa gen oken van ki ap vante. Gen syantifik ki esplike ke gen gout, pa egzanp ki mezire 5 micromèt (se 5 mèt divise pa yon milyon) e ki soti nan yon wotè 183 santimèt (6 pye) ki ka pran menm 30 minit pou yo rive atè. Ti gout sa yo soti lè yon moun touse tou. Rezon ki fè yo di moun bay distans yon mèt sinkant la, se paske syantifik yo panse ke gout yo pa p vwayaje nan direksyon ou sou distans sa, tankou y ap gentan tombe atè, oswa ap twò ba pou yo koze ou oken danje. Pa kont, li trè enpòtan pou nou konen ke se pa sèlman lè yon moun touse, oswa estènye ke ti gout yo jayi, men lè yo pale tou. Ti gout sa yo si tèlman piti, ke ou pa kapab wè yo ak zye ou. Men se pou sa yo fè videyo mwen ap pataje ak nou a. Yo itilize teknoloji lazè (LASER) pou yo montre ki jan gout sa yo la menm lè ou pale ak moun tou. Mwen ap ilistre eksperyans yo a ak ti desen sa yo:

Nan premye desen a, nou gen yon bwat tou nwa, nou pase yon limyè vèt espesyal ladan ki sote nan yon aparèy yo rele lazè. Limyè sa espesyal paske li pa soti tankou nan yon flash pou li al nan tout direksyon, men li vwayaje dwat de yon kote a yon lòt, kidonk si pa gen anyen otou limyè a ou pa p ka wè li, W ap selman wè li fè yon pwen kote li rive a.

Men si ou gen patikil ki sou wout limiyè a (sou trajektwa limyè a) patikil sa yo ase gwo, pou lè limyè a frape sou yo, yo revoye limyè nan zye w, e se sa ki fè ou ka wè yo parèt tankou de ti pwen ki ap briye. Se sa ke yo montre nan videyo a, e ke mwen ap montre nan dezyèm imaj la.

Lè ou gen lazè a ou pa vreman ka wè limyè a byen andedan bwat nwa a, men, kou yon moun pale, ou ka wè ti gout yo ki ap briye, sa montre ou klè ke ti gout soti nan bouch menm lè ou pale, ou pa bezwen ap ni touse ni estènye. Se rezon prensipal ki fè yo di w “Rete lakay nou”.

Se kòz sila yo tou ki fè gen moun ki mete mas nan figi yo, pou ti gout ki sot nan bouch yo rete andedan mas la, oswa pou gout ki soti andedan bouch lòt moun pa rive nan figi pa yo. Mwen espere nou konpran konsèp la e ke nou ka pi bien pwofite de videyo a. Pa ezite poze kestyon si nou genyen.

Klike la pou videyo a

Kowonaviris

Gen plizyè jan yon moun ka malad. Si n ap panse nan nivo biyochimik (reyaksyon chimik ki fèt nan èt vivan) gen de kòz andedan kò yon moun (kòz entèn, oswa faktè entèn) e gen de kòz an deyò kò a (faktè ekstèn) ki ka koze yon maladi. Pami faktè ekstèn yo gen bakteri ak viris. Bakteri se de ti èt vivan ki si telman piti, ou pa ka wè yo ak zye ou, ou bezwen yon aparèy ki rele mikroskòp pou wè yo byen. Nou pa p rete chita sou bakteri yo nan atik sa.

Viris yo menm, se de ti objè ki piti anpil tou, ou bezwen mikroskòp la pou ou wè yo tou. Men yo pa vivan yo menm. Yo se yon pil ak yon pakèt molekil ki makònen yo yon jan pou bay yon viris an patikilye. Pami kèk nan maladi viris bay, gen: maladi grip ki koze pa yon fanmi viris ki rele influenza, gen maladi SIDA ki koze pa viris VIH epi gen yon fanmi viris yo rele Kowonaviris ki bay de maladi ki afekte poumon ak sistèm respiratwa yon moun pi mal pase jan grip yo fè li a.

Gen plizyè kalite de kowonaviris. Gen o mwen kat diferan ki konn enfekte moun, e plizyè lòt ki enfekte bèt. Pafwa, sa kapab rive ke gen de kowonaviris ki soti nan zanimo epi ki al enfekte moun (sa pa rive souvan ditou). Kowonaviris ki ap fè ravaj sou planèt la a lè kile nouvo paske li pa koresponn ak oken nan kowonaviris nou konen ki konn enfekte moun yo. Gen syantifik ki panse ke se nan zanimo li soti, men yo poko si de sa.

An nou eseye konprann yon ti kras plis sou viris sa: Viris sa rele kowona paske lè ou gade li menm ak tout lòt kowonaviris yo nan mikroskòp yo sanble kòm si yo gen yon kouwòn sou tèt yo. Youn nan jan nou kapab imajine sa viris sa sanble, se sonje lè nou ap kwit diri, nou konn pike zonyon ak klou jiròf, klou jiròf sa yo ta vle parèt tankou yon kouwòn pou zonyon a. Lè syantifik yo gade kowonaviris la nan mikroskòp yo wè yon bagay won (tankou zonyon an) ki gen plizyè bagay ki tache sou li tankou yon bann ti pikan (tankou jiròf yo). Ti bagay sa yo ki tache sou li se de molekil espesyal ke yo rele pwoteyinn. Nan ka kowonaviris sa, syantifik ki pale angle yo rele yo “Spike protein” paske mo spike la nan angle vle di pikan. N ap wè ke mwen fè yon dessen pou nou de ki sa nou ta ka imajine kowonaviris la sanble. Tout ti “pikan” wouj yo se pwoteyinn “spike” yo. Men si nou swiv byen, nou ap wè ke yo tache sou pati won ke mwen desinen an gri a. Pati sa se yon pil ak yon pakèt pwoteyinn tou ke yo rele pwoteyinn anvlòp. Rezon ki fè yo rele li anvlòp la se paske li gen anpil lòt molekil enpòtan andedan li.

Yon ti parantèz: Andedan anvlòp la, youn nan molekil ki trè enpòtan yo se yon molekil ki gen enfòmasyon sou ki jan pou ou kole atom youn ak lòt pou ou refè ni pwoteyinn spike yo, ni pwoteyinn anvlòp yo ak tout lòt molekil ki gen nan viris la. Molekil sa ki gen enfòmasyon sa rele ARN. Nou pa p rantre nan twòp detay pou ARN la paske sa ta dwe fèt nan yon lòt atik. Men fò k nou konen li enpòtan.

Konsekans egzistans pwoteyinn spike yo, se ke se gras a yo ke kowonaviris la kapab rantre andedan selil kò nou. Yo jwen ak de lòt molekil (n ap rele yo reseptè) sou selil nou yo, epi sa pèmèt yo louvri selil yo pou yo rantre andedan yo; se tankou spike yo sèvi yon kle, epi reseptè yo sèvi kadna sou selil yo. Spike yo pa ka aji sou nenpòt ki reseptè, menm jan tout kle pa ka louvri tout kadna.

Koulyea lè kowonaviris la finn rantre andedan nou, li lage ARN li a andedan selil nou yo. Pa bliye nou te di ke ARN la se yon molekil ki gen enfòmasyon sou ki jan pou ou kole pyese atom youn ak lòt pou refè tout pwoteyinn viris la. A kòz sa, pwòp selil pa nou yo vinn jwen enfòmasyon an, epi yo kòmanse fè pwoteyinn viris la. Selil nou yo vinn tounen tankou de ti izin, de ti faktori, ki ap fabrike plis kowonaviris andedan nou, e chak sa yo al antre andedan lòt selil toujou.

Konprann prensip ijyèn yo: Pou kisa yo esplike ke youn nan jan ki pi bon pou ou pwoteje tèt ou ak lòt moun de kowonaviris se lave men ak dlo epi savon? Sa gen rapò ak pwoteyinn nou pale ki konpoze viris la. Pwoteyinn anvlòp kowonaviris la gen de pati ladan ki tankou molekil ki nan grès. Savon menm fèt ak de molekil ki gen e pati ki tankou molekil grès yo (n ap di pati sa “renmen” grès) e pati ki renmen dlo.

Yon dessen pou reprezante molekil ki nan savon. Molekil sa yo gen 2 “tèt”, youn ki renmen makònen ak molekil ki nan grès, youn ki renmen makònen ak dlo.

Molekil ki sanble renmen makònen ansanm. Kidonk, lè ou lave men ou ak savon, pati ki “renmen” grès la al vlope ak pati anvlòp kowonaviris la, epi tou li defèt li. Lè ou rense men ou ak dlo, pati savon ki renmen dlo a tou makònen ak dlo a pou li tou ale ak kowonaviris li finn defèt la.

Mwen envite nou gade ti videyo sa pou nou wè. Lwil ak dlo pa melanje, paske se de kalite molekil diferan. Men lè nou lage savon nan lwil ak dlo, epi nou melanje yo, savon vinn fè ke melanj la kapab fèt, paske li gen yon pati ladann ki al makònen ak molekil lwil la, e lòt pati a ki al makònen ak molekil dlo yo. Se propryete sila nan savon an ki ede nou lè nou lave men nou pou nou retire kowonaviris tou. Gen moun ki panse ke kèk solisyon alkòl ap defèt kowona a menm jan savon fè li a, se pou sa moun itilize “hand sanitizer” anpil pandan peryòd sila.

Pou nou wè videyo yo, klike sou tèks an ble yo anba a.

Konpozisyon Matyè- Dezyèm Pati

N ap sonje nan premye atik la nou te pale de matyè (sa ki gen volim ak mas) e nou te di ke grèk nan tan lontan te panse ke tout matyè fèt ak plizyè objè piti anpil, ke yo te rele atomos, ki nan lang yo te vle di yon bagay nou pa ka fè vinn pi piti. N ap sonje tou ke, lide sa menm ke li te enteresan, pat aksepte pa tout moun.

Men jan nou te di nan atik sou konsèvasyon matyè a, syantifik yo te travay anpil sou transfòmasyon metal e sou propryete gaz. Yo te konpran ke matyè konbine de jan espesyal pou fòme lòt matyè ki pa ditou sanble ak si la ki te itilize pou fè li a (sonje pa egzanp esperyans Lavoisier yo).

Yon Syantifik ki rele John Dalton, te fè pati moun ki t ap fè mezi sou mas gaz, e chache konpran ki jan matyè transfòme. Ak esperyans li yo, Dalton retounen ak eksplikasyon atomos la. Men fwa sa, li te pi presi, pi egzak ke grèk yo nan sa li esplike yo. Nan lane 1807, li vinn ak yon esplikasyon syantifik (teyori syantifik) pou esplike rapò ki genyen ak matyè nou jwen nan nati a e bagay ke grèk yo te rele atomos la. Dalton te pwopoze pwen enpòtan sila yo:

  • Tout matyè fèt ak objè ki piti anpil, ke ou pa ka fè vinn pi piti. Li te prete mo grèk yo, li rele ti objè sa atom.
  • Chak eleman fèt ak plizyè atom ki egzakteman idantik, sa vle di yo gen menm mas, menm fòm, menm propriyete. Yon bagay ki enpòtan nan deklarasyon sa, se ke Dalton vinn ak yon lòt jan pou pale de eleman. Sonje ke nan epòk antikite nan peyi lagrès, filozòf te panse ke te gen 4 eleman:
    • Dlo
    • Dife

Men, ak travay Dalton yo, nou vinn konpran ke eleman se yon sibstans ki fèt ak egzakteman menm kalite atom yo. Pa egzanp, fè ki se yon metal, fèt ak atom fè selman.

Kidonk si nou gen yon moso fè, tankou klou beton ki nan imaj 1 a, e nou te ka gade li pi pre ke posib nan sans pou nou wè atom ki konpoze li yo, nou t ap jwen yon sèl kalite atom, nou t ap jwen de atom fè, e yo tout t ap sanble, e dapre Dalton, yo gen menm mas ak menm volim.

Imaj 1. Klou beton fèt ak eleman fè, e ladan li gen plizyè atom fè ki youn bò kote lòt, ki gen sanble, e ki gen menm dimension ak mas.

Kidonk, fè se yon eleman paske li fèt ak yon sèl kalite atom, ke n’ap rele atom fè (eleman yo gen menm non ak atom ki andann yo a)

Lòt egzanp nou te ka pran de yon eleman, se yon eleman ki rele kabòn. Kabòn se yon eleman, paske li fèt ak yon sèl kalite atom, ki se atom kabòn. Youn nan kote nou jwen eleman kabòn fasil nan nati a se nan chabon, oswa nan minn kreyon. Jan eleman kabòn la parèt nan minn kreyon a yo konn rele li grafit. Alòs, menm jan nan imaj 1 a, si nou te gade minn kreyon pou nou wè atom kabòn, nou t ap wè yo konekte youn ak lòt nan fòm yon egzagòn (on objè ki gen sis pwent), sa vle di chak egzagòn t ap gen sis atom kabòn ladan, jan nou montre nan imaj 2A a. Pi plis ankò, ou t ap jwen plizye egzagòn kole youn ak lòt, ki layite tankou se ta yon fèy papye plen ak egzagòn sila yo (imaj 2B).


Imaj 2. A) Egzagòn ki montre sis atom kabòn ki konekte youn ak lòt. B) Chak egzagòn yo kole youn ak lòt.

Koulyea pou fini, pou ba w bon estrikti grafit la, plizyè nan fèy egzagòn sila yo, ranje kò yo pil sou pil (imaj 3)


Imaj 3. Eleman kabòn nan minn kreyon (grafit) se yon pakèt estrikti egzagòn ki ranje pil sou pil. Nan chak gren egzagòn, ou jwen sis atom kabòn ki konekte youn ak lòt.

Yon ti bagay anplis sou kabòn, se ke dyaman, ki se yon objè ki vo anpil lajan, fèt ak eleman kabòn sèlman tou. Diferans ak grafit, se ke atom kabòn yo pa konekte youn ak lòt menm jan. Sa ki bèl anpil nan nati a, e ke chimi ede nou konpran, se ke de sibstans ka fèt ak egzakteman menm atom yo, men paske atom sa yo pa konekte menm jan, li ba w de sibstans ki diferan, ni nan sa yo sanble, ni nan propryete yo (yon minn kreyon nwa, e ou ka kase li fasil, alòske dyaman transparan e se youn nan solid ki pi di sou latè, yon gwo kout mato pa ka kraze li!)


Imaj 4. Yon dyaman, ak òganizasyon atom kabòn ki ladan.
  • Dalton vinn esplike nou tou kisa ki yon konpoze chimik. Li montre nou ke yon konpoze chimik se yon kombinezon espesyal de atom de plis pase yon eleman.

An nou gade pi byen sa sa vle di. Oksijèn se yon gaz, ki se yon eleman paske li gen selman atom oksijèn ladan li. Idrojèn se yon lòt gaz, ki se yon eleman tou paske li selman gen atom idrojèn ladann. Men e dlo? Dlo se pa yon eleman. Rezon a se paske dlo pa konpoze de yon sel kalite atom, li gen atom ki soti nan eleman oksijèn, anplis, li gen atom ki soti nan eleman idrojèn. Kidonk, si ou te ka gade nan yon gout dlo pou ou te wè atom ki ladan yo, ou pa t ap wè yon sèl kalite atom, ou t ap wè de kalite diferan. Ou t ap wè yon atom oksijèn, konekte ak de atom idrojèn (imaj 5). Yon sèl inite de yon atom oksijèn ak de atom idrojèn rele yon molekil dlo. An jeneral, lè ou genyen plizyè atom konekte youn ak lòt yo rele sa yon molekil. Lè plizyè molekil dlo met ansanm, yo ba nou sa nou rele dlo, ki se yon konpoze.


Imaj 5. A) Nan dlo, ki se yon konpoze, n ap jwen plizyè molekil dlo. Chak gren molekil dlo sa yo posede yon atom oksijèn (ke nou montre la an wouj) ki konekte ak de atom idrojèn (ke nou montre la an gri). B) Estrikti molekil dlo a

Lòt egzanp de konpoze ke nou konen deja se oksid mèki nou te wè nan atik sou esperyans Lavoisier yo. Li se yon konpoze paske li fèt ak atom eleman mèki plis atom eleman oksijèn. E nap sonje ke oksid mèki (poud wouj) te diferan nèt de eleman ki te fè li yo: mèki (metal, gri, likid) e oksijèn (gaz, transparan, san koulè, ni odè)

  • Dènye bagay Dalton aprann nou nan teyori li a, se ke lè yon transfòmasyon chimik fèt, atom yo pa detwi, men se koneksyon chak atom youn ak lòt ki defèt, pou de nouvo koneksyon fèt, se ki vinn bay yon nouvo konpoze. Pati sa nan teyori a fè nou konpran pi byen rezilta Lavoisier te jwen nan esperyans li yo, kote li te vinn wè ke matyè pa detwi.

Kidonk nan lane 1807, John Dalton retounen ak teyori atom la kote li di kat pawòl prensipal

  1. Matyè fèt ak plizyè atom
  2. Chak eleman fèt ak egzakteman menm atom la
  3. Yon konpoze se yon kombinezon espesyal de atom de plis pase yon eleman
  4. Nan transfòmasyon chimik atom pa kreye ni detwi, men koneksyon yo chanje pou bay de nouvo konpoze.

Se te yon gwo eksplwa de Dalton de vini ak teyori sa, ki te baze sou etid li te fè nan mezire mas sibstans, e gade ki jan sibstans transfòme. Nan epòk sila, pot ko gen teknoloji pou nou te ka wè atom vreman. Sa ki bèl, se ke koulyea nou gen teknoloji sila yo. E nou ap reyalize ke Dalton te gen rezon sou anpil nan pwen li yo. M ap kite nou ak yon dènye imaj ke yo pran ak yon instriman espesyal ki rele on Mikroskòp eletronik ki kapab fè nou wè atom vreman.


Imaj diplis. Sa se yon vre imaj, yo pran nan laboratwa ki montre atom de yon konpoze ki gen eleman Lantanum, Strontyum, Manganèz ak Oksijèn. (sous: https://www.microscopemaster.com/atom-under-the-microscope.html#gallery[pageGallery]/0/)

Eske Matyè Destriktib?

Si nou raple nou, matyè se sa ki gen volum ak mas. Kidonk, si ou mande yon moun si matyè destriktib, li ta ka pran plezi sou ou e repon ou ak yon kestyon tankou: “Ou poko janm boule yon moso papye, oswa yon moso bwa?” Men nan reyalite, ki sa ki pase lè ou boule papye a? Rezilta a se ke ou pèdi fonskyon objè sa. Sa vle di, papye a pa disponib ankò pou ou, pa egzanp, ekri sou li. Kidonk, nan sans sa, ou detwi yon bagay vreman, ou detwi fonskyon moso matyè sa. Men pa bliye ke ni moso papye sa, ni moso bwa a, konpoze de plizyè atom. Alòs, atom sa yo, eske nou detwi yo lè nou boule objè yo? Eske yo sispan egziste?

Kòm nou konen ke matyè gen mas, alòs pou mwen ta detwi li, fò’m ta pèdi on pati nan mas li, oswa tout mas la nèt. E si nou abitye wè sann apre papye fin boule, n’ap wè ke li pi lejè ke papye nou boule a. Men eske mwen pèdi mas sa vreman?

Pou nou reponn kestyon sa, n’ap fè on ti vwayaj nan lane 1777. Nan epòk sila syantifik yo te travay anpil sou konpran metal, sou propryete gaz e yo te vreman vle konpran pou ki metal wouye lè ou chofe li. Gen yon syantifik an patikilye ki te vreman gen yon ekspètiz nan mezire volum ak mas nan tout eksperyans li te fè. Li te rele Antoine Laurent de Lavoisier. Lavoisier te reyalize yon bagay ki te etranj. Li te wè ke lè ou chofe yon metal, epi li vin wouye, metal wouye a te pi lou ke metal li te koumanse ak li a.

Pou li al esaye konprann sa pi byen, li refè eksperyans de chofe yon metal nan de kondisyon byen kontwole. Li te chwazi yon metal patikilye ki rele mèki, e ki se on likid (se sèl metal ki likid sou yon bèl entèval tanperati, se youn nan rezon yo itilize li nan tèmomèt). Lavoisier mezire egzakteman 4 ons mèki (a pe prè 118 mililit) li mete nan yon fyòl yo kon itilize pou evapore likid. Li mete baz fyòl la chita sou yon aparèy ki ka chofe li, epi li kite lòt ouvèti fyòl la ret an kontak ak lè. (Imaj 1, A). 1) Lavoisier mete yon bokal sou tèt ouvèti fyòl la paske li te vle konen egzakteman ki kantite lè (gaz) ke li genyen nan eskperyans la. 2) Li mete mèki nan zanviron ouvèti fyòl la, pou li ka byen make wotè nivo mèki a, paske sa ap ede li konen ki kantite gaz li genyen sou tèt mèki likid la (andedan bokal la). Li te asire li ke gen yon volum de 15 in3 gaz sou tèt mèki likid la (1 in3 egal 16.4 cm3).

Lavoisier chofe 4 ons mèki a pandan plis pase sèt jou. Li wè ke:

1) Gen yon nouvo poud wouj ki fòme sou tèt mèki andedan fyòl la

2) Nivo mèki ki nan bokal la monte

Si nou pran de obsèvasyon sa yo, li montre nou ke pandan nouvo poud wouj la fòme a, nivo gaz nan lè li te mezire a diminye (imaj 1, B). Lè Lavoisier mezire mas mèki andedan fyòl la, ak tout poud wouj ki fòme a, li wè mas la ogmante de 3 grains e demi (1grain egal 64.8 miligram). Lè li mezire kantite volum gaz la, li wè ke li diminye de 8 in3 on volum ki korespon egzakteman a yon mas gaz de 3 grains e demi!

Konklizyon 1: Lavoisier konkli ke gen yon gaz nan lè ki kombine ak mèki likid pou li bay poud wouj sa (oksid mèki). E se pou rezon sila ki fè ke mas egzak gaz ki disparèt la, egal mas egzak ki ajoute sou mèki andedan fyòl la.

Lavoisier te konen tou ke si ou chofe oksid mèki, li t’ap retounen an mèki likid la ankò. Alòs, li esaye fè yon dezyèm eksperyans. Li pran oksid mèki li te fè a, li remete li nan fyòl la (Imaj 2, A). Li chofe oksid mèki a, epi li wè li rebay mèki likid la, men tou ke nivo gaz la remonte (Imaj 2, B). Lè li mezire mas mèki likid li fòme a, li wè li pi lejè ke oksid mèki a, e li pèdi egzakteman 3 grains e demi nan mas li. E lè li mezire nouvo mas gaz ki pwodwi a, li jwen se egzakteman 3 grains e demi de gaz ki fèt!

Konklizyon 2: Lavoisier wè ke lè li chofe oksid mèki a, li refè mèki likid la, paske li libere gaz nan lè ki te kombine ak mèki a nan premye eksperyans la. Lavoisier ak de lòt avan li te reyalize ke lè ou izole gaz sa, bouji boule pi fò ladann e bèt respire pi byen ladann. Li te vin rele gaz sa oksijèn.

Eksperyans Lavoisier sa pèmèt nou konpran ke lè mas matyè diminye nan moman yon transfòmasyon (yon reyaksyon chimik) mas sa pa pèdi, men li al konstitiye lòt matyè ki pwodwi nan fen reyaksyon an. Nan egzanp nou te pran nan koumansman atik la, lè ou boule papye, oksijèn kombine ak atom papye a, pou ou pwodwi sann, ou pwodwi de gaz tankou diyoksid kabòn, monoksid kabòn, on ti vapè dlo ak anpil lòt bagay. Si ou te ka peze mas papye a ak oksijèn egzak avan ou boule papye a, epi tou, mezire ni sann nan ak tout gaz ki libere yo pandan  ou boule li a, ou t’ap jwen egzakteman menm mas!

Prensip nati sa ke nou byen wè ak esperyans Lavoisier a rele “Lwa konsèvasyon matyè” oswa “Lwa konsèvasyon mas“. Alòs lè ou fè yon transfòmasyon ou pa detwi matyè, ou jis chanje konfigirasyon atom yo, se ki vin ba ou de lòt matyè ak lòt propryete. La matyè nan linivè konsève!

Enpòtan Anpil: Pa esaye fè oken eksperyans ak mèki lakay ou si ou pa gen antrenman pou sa, ni si ou pa gen ekipman pou sa, li toksik anpil!!!

Nan ti video sa, mwen ap pwopoze nou yon ti eksperyans senp nou ka fè lakay pou nou wè konsèvasyon mas la. Atansyon, pa mete twòp vinèg ak bikabonat pou’n pa fè twòp gaz nan on bokal fèmen an.

Yon gwo mèsi pou Jean Claude Michel (@jkl0d) pou èd li nan ilistrasyon yo ak videyo a.

Konpozisyon Matyè- Premye Pati

Chak jou e chak moman nan lavi nou, nou itilize objè. Li te met rad sou nou, bokit dlo nou fè manje, manje nou manje, sapat nan pye nou, oswa pye bwa, flè, wòch e moun nan lantouraj nou. Tout objè sila yo gen bagay klè yo pataje:

1) Yo pran plas: Se vre ke tout objè sa yo pa pran menm kantite plas, pa egzanp, ti bout wòch nou jwenn nan gravye yo ka gen yon gwosè ki pa pi laj ke pla men w, nan yon nivo kote ke si ou mete li nan pla men’w, e ou fèmen men w, wap vlope tout wòch la. Menm jan, si ou mete yon kaye (oswa yon liv) chita nan pla men’w, li ka pi difisil pou vlope tout kaye a ak men ou. Pi plis ankò, ou ka pa kapab ditou (imaj 1).

Imaj 1. De gòch rive dwat: Wòch nan pla men, men a vlope wòch la nèt, epi men a paka vlope kaye a. Kidonk, kaye a pran plis plas pase wòch sa.

Ti eksperyans senp sa fè ou wè ke ti wòch la ak kaye a pa pran menm kantite plas. Nan ka sa, wòch la ap pran mwens plas pase kaye a. Bon, fòk mwen di tou ke yon eksperyans konsa ka depann de fòm objè a. Lè sa itilize pla men w pa p meyè jan pou verifye ki objè ki pran plis plas. Pa egzanp li ka difisil pou fè eksperyans sa ak yon kreyon (oswa kelkeswa plim) kòm li long. Lè sa pou verifye ke li pran mwens plas ke yon kaye oswa yon liv, ou mete plim la nan yon bwat, apre sa ou mete liv la nan menm bwat la, pou w ka wè ke liv la pran plis plas nan bwat la ke plim la (imaj 2). Egzanp m sot bay yo se de egzanp senp pou w ka gen yon lide sou kijan diferan objè pran plas. Men gen jan pi presi ke ou ka fe sa, e lè sa, w ap bezwen mezire gwosè objè yo (longè yo, wotè yo, lajè yo)

Mwen ka fè yon tèks sou mezi sa yo pi devan.

Imaj 2. De gòch rive dwat: Bwat vid. Plim la nan bwat la, epi liv la nan bwat la. Kidonk, liv la pran plis plas pase plim la.

Propriyete sila ki di nou ki kantite plas on objè pran rele Volum objè a. E nan egzanp nou sot wè yo, kòm ti wòch lan oswa kreyon an pran mwens plas ke kaye a, nap di ke kreyon an ak ti wòch lan gen yon volum pi piti ke kaye a.

2)Yon lòt propriyete ke objè pataje se ke yo gen sa nou rele Mas.  Gen plizyè jan ke ou ka konprann kisa mas yon objè vle di. Men youn nan jan ki klasik pou konprann sa li ye se pou panse a deplasman, oswa mouvman yon objè. Pa egzanp, wa p dako ak mwen ke ou fe mwens jefò pou w pouse yon bourèt vid ke yon bourèt ki plen ak sab. Ankò, li pi fasil pou ou pote yon bokit vid ke yon bokit plen dlo, oswa on ti wòch ke yon gwo moso blòk. Nan egzanp nou sot wè yo, nan sitiyasyon kote li te pi difisil pou deplase objè a (pouse bourèt sab la, pote bokit dlo a) mas objè yo te pi wo oswa nou ka di objè yo pi “lou”. Kidonk plis yon objè gen mas, plis li difisil pou ou deplase li, leve li, fè li fè mouvman. Plis mas yon objè piti, plis li fasil pou ou deplase li. Li enpòtan pou nou wè ke gen de objè ki tèlman piti ke ni plas yo okipe ni mas yo piti anpil. Pa egzanp, si ou pran yon ponyen sab lanmè ou metel nan yon ti kèp dlo, ap gen plis pase yon milyon grenn sab nan kèp la. Sa kapab fè ou wè kijan yon grenn sab piti. Pi plis ankò, si mwen te pran yon sèl nan grenn sab sa yo m voye sou ou, si li rive sou ou, ou pap santi sa, e mas li si tèlman piti ke yon ti kras van ka pote li ale. Men, menm si Volum yon grenn sab ak Mas li piti, li se Matyè kanmenm. Kidonk, tout bagay ki gen yon mas ak yo volum na p di se Matyè li ye. Alòs tout objè nou konnen yo, (menm moun) se Matyè.

Men, de kisa matyè fèt? Si ou poze tèt ou kestyon sa, ou pa poukont ou.

Gen plis pase de mil lane, filozòf nan peyi Lagrès te ap poze tèt yo kestyon sa tou. Youn nan refleksyon yo te fè, se te di: “si mwen pran yon moso matyè e mwen koupe li an moso ki pi piti, eske map toujou kapab kontinye koupe li an piti moso san rete, oswa eske m ap rive nan yon pwen kote map blije sispann tèlman moso a ap piti”. De filozòf, Leucipe ak Democrite, te vinn konprann ke gen yon kote w ap rive, moso a ap si tèlman piti ke w ap blije kanpe e ou pa p kapab kontinye fè li pi piti (imaj 3).

Imaj 3. De gòch rive dwat: Egzanp de yon moso matyè. Menm moso matyè ki koupe pi piti, epi moso matyè koupe si tèlman piti ke ou pa ka fè li pi piti.

Kidonk, yo fè konklizyon ke matyè fèt de on bagay trè piti e ke ou paka fè bagay sa vinn pi piti. Yo vin rele bagay sa atom ki soti nan mo grèk “atomos” ki vle di “yon objè ke mwen pa ka fè vinn pi piti”. Yon lòt filozòf, ki te rele Epicure, te fè lide Leucipe ak Democrite yo vinn popilè. Alòs selon Leucipe ak Democrite gen 5 bagay prensipal pou nou konnen:

  1. Matyè fèt de atom e atom yo si tèlman piti ou paka wè yo (pa egzanp gen pi plis atom nan yon grenn sab ke gen moun sou planèt la)
  2. Nan yon moso matyè gen plas vid ki separe atom yo ki pèmèt atom yo bouje youn a kote lòt
  3. Atom yo du, sa vle di ou paka peze sou yo pou defòme yo
  4. Tout kò atom lan menm jan, pa gen defòmasyon
  5. Atom diferan nan:
    1. Grosè
    2. Fòm yo
    3. Mas yo

E kòm gen diferans sa yo nan atom, se nòmal pou objè nou wè nan lavi nou diferan paske yo fèt ak de atom diferan.

Lide Leucipe ak Democrite yo te siprann de moun tèlman, ke gen moun ki pat ka aksepte yo. Pa egzanp, on lòt gwo filozòf grèk tankou Aristote pat dakò ak lide sa yo. Aristote te plis kwè ke tout objè te fèt gras ak de konbinezon de kat eleman: (Dlo, Dife, Lè ak Tè). Pou li, ak de lòt, kat eleman sila yo te gen propriyete byen spesifik:

  • Dife: cho e sèk
  • Lè: cho e mouye
  • Dlo: frèt e mouye
  • Tè: frèt e sèk

Pa egzanp, li te ka di ou ke si ou pran ajil ki rich ak tè e dlo e ou chofe li, se tankou ou tap ajoute dife e wete dlo (kidonk manipile 2 eleman) pou fè ajil la tounen yon po.

Sa pran plis pase de mil lame pou nou vreman konprann ke Aristote pat gen rezon, e ke Leucipe ak Democrate te pi pre konpozisyon matyè vrèman. Men, menm si filozòf sa yo pat gen repons la egzak, li enteresan pou nou wè depi ki lè refleksyon sa yo sou la nati te ap fèt. E pou yon epòk kote pat gen teknoloji nou gen koulye a, refleksyon Leucipe ak Democrite yo te ekstraòdinè. Pi devan, n ap al konpran ki jan lide atom la fè vin aksepte, e ki diferans ki gen de konesans nou de atom koulyea ak sa Leucipe, Democrite e Epicure te panse yo.

Mwen ap voye yon mèsi espesyal pou Jean Claude Michel (@jkl0d) pou èd nan  imaj ilistrasyon yo. Mwen ap voye yon mèsi espesyal tou a Yohan Guillaume  pou èd nan “editing” (@prince_of_nothing1) tèks la.

Entrodiksyon

Mwen rele Kédy Edmé. Mwen se yon jèn ki fè etid klasik mwen nan peyi’m, Ayiti. Apre sila, mwen te al nan Inivèsite Ozetazini. Mwen etidye chimi e mwen fè yon Doktora ladan, ki se yon diplòm rechèch.

Mwen deside koumanse Blog sa pou plizyè rezon. Premye rezon prensipal la, se ke mwen vle pataje lide syantifik ak yon gwo majorite moun, sitou moun ki pat etidye syans yo menm, men ki te toujou enterese konpran kelke aspè konesans syantifik yo. Dayè, se pou moun sila yo ke mwen vreman vle ekri. Alòs, mwen ap fè tout posib mwen pou mwen byen eksplike konsèp yo, men san mwen pa bay oken fo eksplikasyon, ni fo egzanp. Pou mwen fè sa mwen sot di a byen li ap difisil tou, paske fò’k mwen byen panse pou’m byen eksplike lide yo, se ki ka fè ke atik yo pa’p parèt vit youn apre lòt, men li ap amizan pou mwen tou. Gen de lè, menm lè ou pa syantifik pwofesyonèl, w’ap blije konen kèk mo teknik ke syantifik pwofesyonèl yo itilize. Men se pa yon pwoblèm, paske w’ap apran yo ak mwen.

Dezyèm bagay la se ke se ap yon blog ki sitou en Kreyòl. Mwen fè chwa sa nan yon premye tan, paske lang matènèl nan peyi’m se Kreyòl. Mwen enterese ke moun ka pale, panse e diskite sou syans nan lang peyi nou. Men sa pa vle di ke pa’p gen tèks nan lòt lang tou. Pa egzanp, mwen gen de zanmi syantifik ki pa pale Kreyòl e mwen ap envite yo ekri tèks tou. Lè sa fèt, mwen ap mete tèks yo a ni nan lang orijinal yo, e ap gen yon vèsyon Kreyòl tou. Se vre tou ke gen kèk mo syantifik ki sitou egziste nan lang etranje yo selman, lè lè a rive pou’m itilize yo, mwen ap fè posib mwen pou’m eksplike yo byen san oken fo tradiksyon.

Premye tèks mwen ap ekri ap sou evolisyon lide nou sou matyè, ki sa li ye e de kisa li fèt. Mwen swete n’ap akonpaye’m nan ti avanti sa.