Konpozisyon Matyè- Dezyèm Pati

N ap sonje nan premye atik la nou te pale de matyè (sa ki gen volim ak mas) e nou te di ke grèk nan tan lontan te panse ke tout matyè fèt ak plizyè objè piti anpil, ke yo te rele atomos, ki nan lang yo te vle di yon bagay nou pa ka fè vinn pi piti. N ap sonje tou ke, lide sa menm ke li te enteresan, pat aksepte pa tout moun.

Men jan nou te di nan atik sou konsèvasyon matyè a, syantifik yo te travay anpil sou transfòmasyon metal e sou propryete gaz. Yo te konpran ke matyè konbine de jan espesyal pou fòme lòt matyè ki pa ditou sanble ak si la ki te itilize pou fè li a (sonje pa egzanp esperyans Lavoisier yo).

Yon Syantifik ki rele John Dalton, te fè pati moun ki t ap fè mezi sou mas gaz, e chache konpran ki jan matyè transfòme. Ak esperyans li yo, Dalton retounen ak eksplikasyon atomos la. Men fwa sa, li te pi presi, pi egzak ke grèk yo nan sa li esplike yo. Nan lane 1807, li vinn ak yon esplikasyon syantifik (teyori syantifik) pou esplike rapò ki genyen ak matyè nou jwen nan nati a e bagay ke grèk yo te rele atomos la. Dalton te pwopoze pwen enpòtan sila yo:

  • Tout matyè fèt ak objè ki piti anpil, ke ou pa ka fè vinn pi piti. Li te prete mo grèk yo, li rele ti objè sa atom.
  • Chak eleman fèt ak plizyè atom ki egzakteman idantik, sa vle di yo gen menm mas, menm fòm, menm propriyete. Yon bagay ki enpòtan nan deklarasyon sa, se ke Dalton vinn ak yon lòt jan pou pale de eleman. Sonje ke nan epòk antikite nan peyi lagrès, filozòf te panse ke te gen 4 eleman:
    • Dlo
    • Dife

Men, ak travay Dalton yo, nou vinn konpran ke eleman se yon sibstans ki fèt ak egzakteman menm kalite atom yo. Pa egzanp, fè ki se yon metal, fèt ak atom fè selman.

Kidonk si nou gen yon moso fè, tankou klou beton ki nan imaj 1 a, e nou te ka gade li pi pre ke posib nan sans pou nou wè atom ki konpoze li yo, nou t ap jwen yon sèl kalite atom, nou t ap jwen de atom fè, e yo tout t ap sanble, e dapre Dalton, yo gen menm mas ak menm volim.

Imaj 1. Klou beton fèt ak eleman fè, e ladan li gen plizyè atom fè ki youn bò kote lòt, ki gen sanble, e ki gen menm dimension ak mas.

Kidonk, fè se yon eleman paske li fèt ak yon sèl kalite atom, ke n’ap rele atom fè (eleman yo gen menm non ak atom ki andann yo a)

Lòt egzanp nou te ka pran de yon eleman, se yon eleman ki rele kabòn. Kabòn se yon eleman, paske li fèt ak yon sèl kalite atom, ki se atom kabòn. Youn nan kote nou jwen eleman kabòn fasil nan nati a se nan chabon, oswa nan minn kreyon. Jan eleman kabòn la parèt nan minn kreyon a yo konn rele li grafit. Alòs, menm jan nan imaj 1 a, si nou te gade minn kreyon pou nou wè atom kabòn, nou t ap wè yo konekte youn ak lòt nan fòm yon egzagòn (on objè ki gen sis pwent), sa vle di chak egzagòn t ap gen sis atom kabòn ladan, jan nou montre nan imaj 2A a. Pi plis ankò, ou t ap jwen plizye egzagòn kole youn ak lòt, ki layite tankou se ta yon fèy papye plen ak egzagòn sila yo (imaj 2B).


Imaj 2. A) Egzagòn ki montre sis atom kabòn ki konekte youn ak lòt. B) Chak egzagòn yo kole youn ak lòt.

Koulyea pou fini, pou ba w bon estrikti grafit la, plizyè nan fèy egzagòn sila yo, ranje kò yo pil sou pil (imaj 3)


Imaj 3. Eleman kabòn nan minn kreyon (grafit) se yon pakèt estrikti egzagòn ki ranje pil sou pil. Nan chak gren egzagòn, ou jwen sis atom kabòn ki konekte youn ak lòt.

Yon ti bagay anplis sou kabòn, se ke dyaman, ki se yon objè ki vo anpil lajan, fèt ak eleman kabòn sèlman tou. Diferans ak grafit, se ke atom kabòn yo pa konekte youn ak lòt menm jan. Sa ki bèl anpil nan nati a, e ke chimi ede nou konpran, se ke de sibstans ka fèt ak egzakteman menm atom yo, men paske atom sa yo pa konekte menm jan, li ba w de sibstans ki diferan, ni nan sa yo sanble, ni nan propryete yo (yon minn kreyon nwa, e ou ka kase li fasil, alòske dyaman transparan e se youn nan solid ki pi di sou latè, yon gwo kout mato pa ka kraze li!)


Imaj 4. Yon dyaman, ak òganizasyon atom kabòn ki ladan.
  • Dalton vinn esplike nou tou kisa ki yon konpoze chimik. Li montre nou ke yon konpoze chimik se yon kombinezon espesyal de atom de plis pase yon eleman.

An nou gade pi byen sa sa vle di. Oksijèn se yon gaz, ki se yon eleman paske li gen selman atom oksijèn ladan li. Idrojèn se yon lòt gaz, ki se yon eleman tou paske li selman gen atom idrojèn ladann. Men e dlo? Dlo se pa yon eleman. Rezon a se paske dlo pa konpoze de yon sel kalite atom, li gen atom ki soti nan eleman oksijèn, anplis, li gen atom ki soti nan eleman idrojèn. Kidonk, si ou te ka gade nan yon gout dlo pou ou te wè atom ki ladan yo, ou pa t ap wè yon sèl kalite atom, ou t ap wè de kalite diferan. Ou t ap wè yon atom oksijèn, konekte ak de atom idrojèn (imaj 5). Yon sèl inite de yon atom oksijèn ak de atom idrojèn rele yon molekil dlo. An jeneral, lè ou genyen plizyè atom konekte youn ak lòt yo rele sa yon molekil. Lè plizyè molekil dlo met ansanm, yo ba nou sa nou rele dlo, ki se yon konpoze.


Imaj 5. A) Nan dlo, ki se yon konpoze, n ap jwen plizyè molekil dlo. Chak gren molekil dlo sa yo posede yon atom oksijèn (ke nou montre la an wouj) ki konekte ak de atom idrojèn (ke nou montre la an gri). B) Estrikti molekil dlo a

Lòt egzanp de konpoze ke nou konen deja se oksid mèki nou te wè nan atik sou esperyans Lavoisier yo. Li se yon konpoze paske li fèt ak atom eleman mèki plis atom eleman oksijèn. E nap sonje ke oksid mèki (poud wouj) te diferan nèt de eleman ki te fè li yo: mèki (metal, gri, likid) e oksijèn (gaz, transparan, san koulè, ni odè)

  • Dènye bagay Dalton aprann nou nan teyori li a, se ke lè yon transfòmasyon chimik fèt, atom yo pa detwi, men se koneksyon chak atom youn ak lòt ki defèt, pou de nouvo koneksyon fèt, se ki vinn bay yon nouvo konpoze. Pati sa nan teyori a fè nou konpran pi byen rezilta Lavoisier te jwen nan esperyans li yo, kote li te vinn wè ke matyè pa detwi.

Kidonk nan lane 1807, John Dalton retounen ak teyori atom la kote li di kat pawòl prensipal

  1. Matyè fèt ak plizyè atom
  2. Chak eleman fèt ak egzakteman menm atom la
  3. Yon konpoze se yon kombinezon espesyal de atom de plis pase yon eleman
  4. Nan transfòmasyon chimik atom pa kreye ni detwi, men koneksyon yo chanje pou bay de nouvo konpoze.

Se te yon gwo eksplwa de Dalton de vini ak teyori sa, ki te baze sou etid li te fè nan mezire mas sibstans, e gade ki jan sibstans transfòme. Nan epòk sila, pot ko gen teknoloji pou nou te ka wè atom vreman. Sa ki bèl, se ke koulyea nou gen teknoloji sila yo. E nou ap reyalize ke Dalton te gen rezon sou anpil nan pwen li yo. M ap kite nou ak yon dènye imaj ke yo pran ak yon instriman espesyal ki rele on Mikroskòp eletronik ki kapab fè nou wè atom vreman.


Imaj diplis. Sa se yon vre imaj, yo pran nan laboratwa ki montre atom de yon konpoze ki gen eleman Lantanum, Strontyum, Manganèz ak Oksijèn. (sous: https://www.microscopemaster.com/atom-under-the-microscope.html#gallery[pageGallery]/0/)