Vaksen Kowonaviris la

Nan atik sa nou pral fè ti pale sou vaksen konpayi ki rele Pfizer ak Moderna devlope a pou ede planèt la nan pwoblèm kowonaviris ke nou ap travèse a. Men avan sa, fò k mwen fè yon ti rale sou selil, ADN ak ARN, epi m ap tou esplike apre sa ki jan nouvo vaksen a mache. Youn nan bagay mwen ta renmen souliye tou se ke, jan vaksen sa travay baze sou de metòd byoloji diferan de vaksen ki egziste deja. O mwen nan yon pèskpetiv syantifik li entersan pou nou konprann li. Epi tou, si yon jou ou ta deside pran vaksen sa, o mwen w ap ka gen yon ti konpreyansyon sou ki sa li ap fè andedan kò w.

SELIL MOUN

Kò imen an konpoze de yon ansanm de strikti byolojik ko ye rele ògan. Pa egzanp, ògan prensipal ki responsab pou san travèse nan tout kò w se kè w. Menm jan, ògan prensipal ki responsab ede w respire se poumon w, sa ki pèmèt ou reflechi e ki kontwole lòt ògan ou yo se sèvo w. Sa se kèk egzanp, men kò w chaje ak ògan. Ògan sa yo konpoze de strikti ke yo rele tisi. Tisi sa yo menm konpoze de lòt strikti byolojik pi piti ke yo rele selil. Selil yo se pi piti strikti vivan ki genyen. Kidonk youn nan bagay pou ou konprann se ke tout sa ki vivan fèt ak selil, selil yo òganize yo yon jan pou yo bay de tisi, e tisi yo òganize yo pou yo bay ògan. Gade imaj 1 an pou nou byen konprann relasyon sa.

Imaj 1: A gòch nèt n ap wè yon sèl selil kadyak, nan mitan yon gwoup selil kadyak makònen ansanm pou bay yon tisi kadyak, epi a dwat nèt yon gwoup tisi makònen ansanm pou yo bay kè a, ki li menm se yon ògan. Imaj sila, mwen prete li de sous southscience.

FONKSYONMAN SELIL

Yon selil gen yon fonksyonman ki konplike anpil. Pa nesesèman konplike pou yon moun konprann li, men konplike nan sans ke gen anpil bagay ki ap pase an menm tan e detay yo anpil. Ou bezwen anpil tan (lane) pou ou ta bien aprann yo e konprann yo, kidonk atik sa pa p ka esplike tout bagay. Alòs, nou pral konsantre nou sou yon ti pati nan fonksyonman ki enpòtan pou konprann ki jan vaksen an mache.

Si mwen t ap fè yon dessen senp yon selil mwen t ap montre li tankou sa ki nan imaj 2 a.

Imaj 2. Dessen trè senp de yon selil. N ap montre twa pati prensipal nan selil la. 1) Manbrann selil la, 2) Sitoplasm la, 3) Nwayo selil la.

Nan imaj la n ap wè twa pati enpòtan: 1) Manbrann selil la. Li tankou yon baryè ki pwoteje sa ki andedan selil la, men tou li kontwole ki sa ki gen dwa ni rantre andedan ni soti de selil la tou. Malerezman, viris yo konn rive pase a travè manbrann sa. Si ou vle sonje ki jan sa fèt, voye yon kout je sou premye atik kowonaviris mwen an (Ansyen atik). 2) Nou jwen sa yo rele sitoplasm selil la. Sa se pati andedan selil la. Li chaje ak yon pakèt ti striki pi piti toujou yo rele òganit. 3) Andedan sitoplasm la gen yon lòt strikti ke yo rele nwayo selil la. TOUT strikti sa yo nèt fèt ak plizyè molekil. Andedan nwayo a gen yon molekil enpòtan anpil ke yo rele ADN.

ADN ak ARN

Molekil ADN la se yon molekil ki enpòtan anpil e ki egziste (sou fòm diferan) nan tout sa ki vivan (plant, bèt, moun, pye bwa, bakteri, elatriye…). Rezon ki fè li enpòtan se paske se yon molekil ki posede enfòmasyon nesesè pou ou fè yon èt vivan. Ban m esplike sa pi byen. Tout molekil ki nan kò ou: molekil ki responsab fè selil ou yo deplase de yon kote nan kò w a yon lòt, de bay selil yo fòm yo dwe genyen, de fè selil yo òganize yo kòm sa dwa an tisi e ki fè tisi yo òganize an ògan, koulè je’w, koulè cheve’w, koulè po’w, ki maladi ou plis siseptib genyen, si ou plis sanble ak manman w oswa papa w oswa grann ou, tout baz enfòmasyon sa yo sou ADN la. Si nou vle wè yon reprezantasyon ADN sou fòm molekil li klike sou ADN_animation.

Men ADN moun pa vreman janm soti nan nwayo a. Kidonk, ki jan eske enfòmasyon sa yo fè disponib pou selil la travay? Eh bien, a chak fwa ke selil la bezwen aksede a yon pati nan enfòmasyon a, gen de molekil (anzim) ki louvri ADN la epi gen de lòt molekil ki kopye yon ti pati spesifik de enfòmasyon yo bezwen a sou ADN la (pati mòv la nan dessen a), epi kopi sa ki fèt la se yon lòt molekil yo rele ARN (oranj nan dessen a).

Imaj 3. Nou komanse ak ADN la andedan nwayo a, gen yon anzim ki louvri li pou enfòmasyon ki enterese nou an (pati mòv la) kapab aksesib, lòt anzim vini kopye pati mòv la, e kopi sa se pati oranj la ki rele ARN, epi anzim tou refèmen ADN la.

Kounyea ke enfòmasyon selil la bezwen an, li genyen li sou fò m ARN la se ARN la ki soti nan nwayo a, li al nan sitoplasm la, epi gen de òganit (RIB nan imaj la) spesifik nan sitoplasm la ki pral li enfòmasyon sa epi ki pral fè molekil ke ARN la di l fè a, pa egzanp molekil sa yo ka de lòt pwoteyinn. E pou chak molekil diferan w ap bezwen de ARN diferan.

Imaj 4. Nou pran yon egzanp de pwosede biochimik ki rele “translation” an. ARN ki apèn finn fèt nan nwayo a, soti nan sitoplasm la kote li al nan yon òganit Ribozom (RIB nan imaj la), ki li menm kapab li enfòmasyon an sou ARN la pou li fè pwoteyinn selil la bezwen yo.

Kidonk nou kapab wè ki jan ARN yo enpòtan pou fè tout molekil ki andedan ou ke ou bezwen. Men ki rapò sa gen ak vaksen kowonaviris la? Ann al gade.

VAKSEN

Andedan kò nou gen de selil ki la pou defann kont lòt sibstans (mikwòb oswa viris) ki pa dwe andedan nou. Yo rele selil sa yo selil defans. Lè yon viris rantre nan kò nou l ap chache pou li miltipliye tèt li. Kòm li pa ka fè li poukont li, li antre nan sitoplasm selil ou, epi li itilze òganit selil la pou li miltipliye tèt li. Selil defans ou yo gen plizyè travay pou yo fè. Fò k yo konen ke viris la rantre, fò’k yo esaye konprann ki pati nan viris la ke yo kapab atake pou yo detwi li oswa “dezame” viris la. Tout sa pran tan, e malerezman nan tan sa viris la gentan telman ap miltipliye ke li gentan koze sentòm, maladi. Men imajine ke ou te gentan prezante selil yo yon pati nan viris la ki pa ka koze maladi paske se pa viris la li ye menm, se jis pa egzanp yon proteyinn viris la genyen (ki pa egziste andedan kò nou). Selil defans ou yo ap wè pwoteyinn sa kòm yon etranje, yo ap atake li, e nan tan sa pa gen okenn risk de malad paske se pa viris la ki rantre se jis yon pwoteyinn ke ou bay selil defans yo pou yo fè “pratik” sou li. Kounyea, lè vre viris la rantre andedan ou, selil defans ou yo bien rapid wè pwoteyinn la, yo konn ki jan pou yo atake li, kidonk yo gentan atake li bien vit menm anvan ke viris la gentan fè ou malad. Sa se paske selil defans yo “sonje” pwoteyinn viris la, nou di ke selil yo devlope yon “memwa iminitè”

Alòs, vaksen Pfizer ak Moderna a se yon vaksen ARN li ye. Sa vle di yo enjekte w ak ARN ki gen enfòmasyon sou ki jan pou ou fè pwoteyinn “spike” kowonaviris la. Selil ou yo tombe pwodwi spike, men spike la poukont li pa ka fè ou malad, pa bliye pa gen viris la. Kounyea, selil defans ou yo tombe atake spike ke pwòp selil ou yo ap fè a. Kounyea ou kapab di selil defans yo antrene e yo konn ki jan efikas pou yo detwi spike la. Kidonk si vre kowonaviris la rantre nan kò w, pa bliye viris sa chaje ak spike sou li, selil defans ou yo wè spike yo bien rapid epi yo atake li, menm avan ke viris la ka koze maladi. Epi ARN yo enjekte w la tou, selil ou yo ap fini pa detwi li tou. Kidonk ou pa p ap plede fè spike pou tout rès vi w.

An jeneral lè selil defans yo an aksyon yo ka koze ti sentòm tankou lafièv pou yon ti tan kout, epi tou sa ki konn fè bra kote yo ba w vaksen an fè mal se paske selil yo idantifye ke yon etranje rantre nan zòn sa de kò a e yo mete yo o travay.

An jeneral vaksen ke nou pi abitye ak yo, se de vaksen kote yo enjekte yon pwoteyinn viris ba w pou selil defans yo aprann goumen ak li, oswa yo enjekte w ak viris la menm, men yon fòm viris la ki pa ka koze enfeksyon. Sa ki nouvo nan vaksen sa se ke yo enjekte enstriktyon (ARN) pou selil ou yo aprann fè spike la, epi pou selil defans ou aprann atake spike la. Efikasite yon vaksen ak si li pa p koze ou pwoblèm depann de moun k ap recevwa li a. Byoloji moun pa egzakteman idantik.

Lexique: Gen de mo mwen pa konn egzistans yo nan lang kreyol nou an, kidonk mwen itilize mot franse yo ak yon òtograf kreyol. Mo sa yo se ‘membrane’–>’manbrann’, ‘cytoplasme’–>’sitoplasm’, ‘organite’–>’òganit’

2 thoughts on “Vaksen Kowonaviris la”

  1. Bèl bagay menm gen de twa kestion mta renmen w reponn.
    1) Eske lè wap pale de selil ki jwe wòl mache fè tisi nèf pou ògan yo se de selil souch yo wap pale oubyen gen lot selil ki fè sa?
    2) Eske le fèt ke rive on kote ki rive ARN yo te injekte nan kòw yo ap sispann prodwi spike sa vle di vakzen kowonaviris la se yon vaksen wap gen pou repran nan viw? (Nan lòt mo: eske kou sa kap prodwi spike yo fini ou onbloge remete ARN nan kòw pou bay tèt ou lasirans selil defans ou yo ap toujou antrene kont spike yo?)

    Mesi anpil pou Atik sa Docteur! Map tann lot la ak enpasyans!

    1. Mèsi!
      1) Tout ògan nan kò w fèt ak tisi ki yo menm fèt ak selil. Sa vle di tout ògan se yon pil selil òganize. Kounyea kòm gen de ògan diferan, selil ki konpoze yo diferan tou. Pa egzanp yon selil kadyak (ki konpoze kè w) pa sanble yon selil san (globul wouj). Donk ou kapab di ke selil yo gen yon “differenciation”. Men gen de selil ki nan yon moman de lavi li poko deside ki tip de selil li pral ye, li gen posibilite tounen youn de plizyè tip selil diferan. Selil sa rele yon selil souch.

      2) Menm si ou pa fè spike la ankò selil defans ou yo ap sonje ki jan pou yo goumen ak li pou yon tan. Nan lang anglè a gen sa yo rele yon booster shot, kote apre yon tan ou blije repran yon vaksen ankò paske selil defans ou yo komanse pa “sonje” mòd defans yo te etabli pou lite a.

Comments are closed.