Konpozisyon Matyè- Premye Pati

Chak jou e chak moman nan lavi nou, nou itilize objè. Li te met rad sou nou, bokit dlo nou fè manje, manje nou manje, sapat nan pye nou, oswa pye bwa, flè, wòch e moun nan lantouraj nou. Tout objè sila yo gen bagay klè yo pataje:

1) Yo pran plas: Se vre ke tout objè sa yo pa pran menm kantite plas, pa egzanp, ti bout wòch nou jwenn nan gravye yo ka gen yon gwosè ki pa pi laj ke pla men w, nan yon nivo kote ke si ou mete li nan pla men’w, e ou fèmen men w, wap vlope tout wòch la. Menm jan, si ou mete yon kaye (oswa yon liv) chita nan pla men’w, li ka pi difisil pou vlope tout kaye a ak men ou. Pi plis ankò, ou ka pa kapab ditou (imaj 1).

Imaj 1. De gòch rive dwat: Wòch nan pla men, men a vlope wòch la nèt, epi men a paka vlope kaye a. Kidonk, kaye a pran plis plas pase wòch sa.

Ti eksperyans senp sa fè ou wè ke ti wòch la ak kaye a pa pran menm kantite plas. Nan ka sa, wòch la ap pran mwens plas pase kaye a. Bon, fòk mwen di tou ke yon eksperyans konsa ka depann de fòm objè a. Lè sa itilize pla men w pa p meyè jan pou verifye ki objè ki pran plis plas. Pa egzanp li ka difisil pou fè eksperyans sa ak yon kreyon (oswa kelkeswa plim) kòm li long. Lè sa pou verifye ke li pran mwens plas ke yon kaye oswa yon liv, ou mete plim la nan yon bwat, apre sa ou mete liv la nan menm bwat la, pou w ka wè ke liv la pran plis plas nan bwat la ke plim la (imaj 2). Egzanp m sot bay yo se de egzanp senp pou w ka gen yon lide sou kijan diferan objè pran plas. Men gen jan pi presi ke ou ka fe sa, e lè sa, w ap bezwen mezire gwosè objè yo (longè yo, wotè yo, lajè yo)

Mwen ka fè yon tèks sou mezi sa yo pi devan.

Imaj 2. De gòch rive dwat: Bwat vid. Plim la nan bwat la, epi liv la nan bwat la. Kidonk, liv la pran plis plas pase plim la.

Propriyete sila ki di nou ki kantite plas on objè pran rele Volum objè a. E nan egzanp nou sot wè yo, kòm ti wòch lan oswa kreyon an pran mwens plas ke kaye a, nap di ke kreyon an ak ti wòch lan gen yon volum pi piti ke kaye a.

2)Yon lòt propriyete ke objè pataje se ke yo gen sa nou rele Mas.  Gen plizyè jan ke ou ka konprann kisa mas yon objè vle di. Men youn nan jan ki klasik pou konprann sa li ye se pou panse a deplasman, oswa mouvman yon objè. Pa egzanp, wa p dako ak mwen ke ou fe mwens jefò pou w pouse yon bourèt vid ke yon bourèt ki plen ak sab. Ankò, li pi fasil pou ou pote yon bokit vid ke yon bokit plen dlo, oswa on ti wòch ke yon gwo moso blòk. Nan egzanp nou sot wè yo, nan sitiyasyon kote li te pi difisil pou deplase objè a (pouse bourèt sab la, pote bokit dlo a) mas objè yo te pi wo oswa nou ka di objè yo pi “lou”. Kidonk plis yon objè gen mas, plis li difisil pou ou deplase li, leve li, fè li fè mouvman. Plis mas yon objè piti, plis li fasil pou ou deplase li. Li enpòtan pou nou wè ke gen de objè ki tèlman piti ke ni plas yo okipe ni mas yo piti anpil. Pa egzanp, si ou pran yon ponyen sab lanmè ou metel nan yon ti kèp dlo, ap gen plis pase yon milyon grenn sab nan kèp la. Sa kapab fè ou wè kijan yon grenn sab piti. Pi plis ankò, si mwen te pran yon sèl nan grenn sab sa yo m voye sou ou, si li rive sou ou, ou pap santi sa, e mas li si tèlman piti ke yon ti kras van ka pote li ale. Men, menm si Volum yon grenn sab ak Mas li piti, li se Matyè kanmenm. Kidonk, tout bagay ki gen yon mas ak yo volum na p di se Matyè li ye. Alòs tout objè nou konnen yo, (menm moun) se Matyè.

Men, de kisa matyè fèt? Si ou poze tèt ou kestyon sa, ou pa poukont ou.

Gen plis pase de mil lane, filozòf nan peyi Lagrès te ap poze tèt yo kestyon sa tou. Youn nan refleksyon yo te fè, se te di: “si mwen pran yon moso matyè e mwen koupe li an moso ki pi piti, eske map toujou kapab kontinye koupe li an piti moso san rete, oswa eske m ap rive nan yon pwen kote map blije sispann tèlman moso a ap piti”. De filozòf, Leucipe ak Democrite, te vinn konprann ke gen yon kote w ap rive, moso a ap si tèlman piti ke w ap blije kanpe e ou pa p kapab kontinye fè li pi piti (imaj 3).

Imaj 3. De gòch rive dwat: Egzanp de yon moso matyè. Menm moso matyè ki koupe pi piti, epi moso matyè koupe si tèlman piti ke ou pa ka fè li pi piti.

Kidonk, yo fè konklizyon ke matyè fèt de on bagay trè piti e ke ou paka fè bagay sa vinn pi piti. Yo vin rele bagay sa atom ki soti nan mo grèk “atomos” ki vle di “yon objè ke mwen pa ka fè vinn pi piti”. Yon lòt filozòf, ki te rele Epicure, te fè lide Leucipe ak Democrite yo vinn popilè. Alòs selon Leucipe ak Democrite gen 5 bagay prensipal pou nou konnen:

  1. Matyè fèt de atom e atom yo si tèlman piti ou paka wè yo (pa egzanp gen pi plis atom nan yon grenn sab ke gen moun sou planèt la)
  2. Nan yon moso matyè gen plas vid ki separe atom yo ki pèmèt atom yo bouje youn a kote lòt
  3. Atom yo du, sa vle di ou paka peze sou yo pou defòme yo
  4. Tout kò atom lan menm jan, pa gen defòmasyon
  5. Atom diferan nan:
    1. Grosè
    2. Fòm yo
    3. Mas yo

E kòm gen diferans sa yo nan atom, se nòmal pou objè nou wè nan lavi nou diferan paske yo fèt ak de atom diferan.

Lide Leucipe ak Democrite yo te siprann de moun tèlman, ke gen moun ki pat ka aksepte yo. Pa egzanp, on lòt gwo filozòf grèk tankou Aristote pat dakò ak lide sa yo. Aristote te plis kwè ke tout objè te fèt gras ak de konbinezon de kat eleman: (Dlo, Dife, Lè ak Tè). Pou li, ak de lòt, kat eleman sila yo te gen propriyete byen spesifik:

  • Dife: cho e sèk
  • Lè: cho e mouye
  • Dlo: frèt e mouye
  • Tè: frèt e sèk

Pa egzanp, li te ka di ou ke si ou pran ajil ki rich ak tè e dlo e ou chofe li, se tankou ou tap ajoute dife e wete dlo (kidonk manipile 2 eleman) pou fè ajil la tounen yon po.

Sa pran plis pase de mil lame pou nou vreman konprann ke Aristote pat gen rezon, e ke Leucipe ak Democrate te pi pre konpozisyon matyè vrèman. Men, menm si filozòf sa yo pat gen repons la egzak, li enteresan pou nou wè depi ki lè refleksyon sa yo sou la nati te ap fèt. E pou yon epòk kote pat gen teknoloji nou gen koulye a, refleksyon Leucipe ak Democrite yo te ekstraòdinè. Pi devan, n ap al konpran ki jan lide atom la fè vin aksepte, e ki diferans ki gen de konesans nou de atom koulyea ak sa Leucipe, Democrite e Epicure te panse yo.

Mwen ap voye yon mèsi espesyal pou Jean Claude Michel (@jkl0d) pou èd nan  imaj ilistrasyon yo. Mwen ap voye yon mèsi espesyal tou a Yohan Guillaume  pou èd nan “editing” (@prince_of_nothing1) tèks la.

4 thoughts on “Konpozisyon Matyè- Premye Pati”

  1. Bon bagay Kedy, mwn panse se on inisyativ ki merite anpil ankourajman paske selon mwn younn nan pi gro problèm ke sistèm educatif haitien ap travèse se on problèm syans ak metod. Alò ou te trè eksplisit e metodik. Bon kouraj ak bòn kontinite..!

  2. Bro ou pap konprann ki jan sa fem plezi poum li kalite experyans ak inisyativ sa. Mw li ak anpil atansyon e mw aprann menm jan li se yon rapel tou pou mw sou kek pwen. Mwen pa konnen sa ki pousew fè chwa sa. Men kitem diw… Se pi bel bagay ki egziste lew deside avanse nan vwa ou renmen e ede lot nan pwen sa. Mw felisitew anko Bro. Map suiv travay la de près e map aprann anpil tou pandan map kore mouvman sa. Map pwofite ankourajew e few kenbe motivasyon sa ak pawol sa yo ke Napoléon Hill te di a: ” Wap reyisi pi byen e pi vit si ou ede lot moun reyisi.” E se sa wap fe la Bro. Bravo. E byen vini nan kleb moun kap kreye épi panse pou edikasyon, pou la jenes e pou chanjman nan système nan. Kenbe fèm pa lage. Ke Bondye beniw davantage. Frew avew.

Comments are closed.